M pa kon kijan pou m’ eksplike w’ kijan w’chanje
La personne que j’ai rencontrée a disparue
Jodi a ou vinn yon etranje au visage familier
Tanpri pa mande m’ viv avèk yon inconnue
M te tèlman soif renmen mwen te parèt naïf
San pou otan mwen pa t’ stupid
Ou te fè m kwè nan ou jan m kwè nan levanjil
M te egziste pou m’ fè w’ plezi
Ou te tèlman fè m kwè nan ou
Mwen t’ap viv sèlman pou ou
Yo te di se pou de jou
Nou te di yo jalou (2x)
La majeur partie de notre temps nou te konn a deux
Lè nou pa t’ physiquement ansanm nou te nan telephone
Pawòl yo te si convainquant ke mwen pat ezite
Neglije kèlkeswa bagay ki te yon obstacle
Si Jodi a m’ap soufri se paske mwen te kwè w’
Mwen te kwè nan tout sa w’ te di m’
San m’ pa poze kesyon
San m’ pa t’ yon incredule
M te ouvè kè mwen pou w’ mèt men w’ …
Gen de bagay mwen te konn repwoche m’ men se te avan w’
Fwa sa kisa mwen fè ki merite trètman sa a?
M mete kè m’, m mete kò m’, M’ mete tout mwen menm
Paske m te kwè nan ou
Ou finn fè m’ san defans epi ou soti pou lage m’ nan kouri
En très peu de temps
Mwen te konfyè’w tout la vi mwen
Et sans réserve
Et encore une fois
Le bonheur m’as échappé du bout des doigts
Si se yon mal ke m’ fè w’ san m’ pa reyalize
Pa kenbe mwen nan kè w’
Rancune se yon obstacle pou lanmou
Li pa important pou n’ap chèche A qui la Faute
Li pap sèvi w’ anyen pou w’ gen rezon epi kè w’ pa kontan
Nou te konn nou tou lè de ansanm
Tou lè jou se te holiday
Koman pou sa pa deranje m’ lè m wè a ki sa nou redui
Mwen prè pou m kriye haut et fort
M ka esye l’impossible
Pou w’ ka fè m’ santi m’ important
M pa kwè se trop demander
Producer/ Arly Larivière
Lyrics/ Arly Larivière